Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Sifilis – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Sifilis se yon maladi moun pran nan fè bagay (sexually transmitted disease, STD) epi ki kapab gen konplikasyon ki grav anpil lè li rete san trete, men li fasil pou geri avèk tretman kòrèk la.

Kisa sifilis ye?

Sifilis se yon STD ki kapab lakòz konplikasyon alontèm ak/oswa lanmò si li pa trete kòrèkteman. Sentòm ki sou adilt yo separe an kèk etap. Etap sa yo se sifilis primè, sifilis segondè, sifilis kache, ak sifilis lan.

Kijan sifilis simaye?

Ou kapab pran sifilis nan kontak dirèk avèk yon blesi sifilis pandan w ap fè sèks anal, sèks vajinal oswa sèks oral. Blesi yo kapab parèt nan peni, vajen, anis (twou dèyè), nan rektòm nan, oswa nan lèv ak nan bouch. Yon manman ki enfekte kapab transmèt sifilis tou ba tibebe li ki poko fèt la.

Ak kisa sifilis sanble?

Yo rele sifilis “gran imitatè” paske li tèlman gen anpil sentòm posib, anpil ladan yo sanble ak sentòm lòt maladi. Blesi sifilis ki pa bay doulè ou ta genyen apre ou enfekte pou premye fwa kapab fè ou panse ou gen pwal ki pa grandi, ou blese nan zip rad ou, oswa ou gen lòt ti boul ki sanble pa nui ou. Gratèl sou kò ou ki pa ba ou demanjezon ki devlope pandan dezyèm etap sifilis la kapab parèt nan plat-pye ou ak sou blesi pye ou, tout sou kò ou, oswa nan kèk kote nan kò ou sèlman. Ou kapab enfekte avèk sifilis tou epi ou kapab gen sentòm ki modere anpil oswa ou kapab pa genyen ditou.

Egzanp yon blesi primè sifilis.
Egzanp yon blesi primè sifilis.

Kijan mwen kapab pa pran sifilis?

Ou kapab pwoteje tèt ou pou pa pran sifilis lè ou:

  • Pa fè bagay;
  • Lè ou nan yon relasyon estab avèk yon sèl patnè ki te fè tès epi ki gen rezilta tès STD yo negatif; epi
  • Sèvi ak kapòt latèks ak dig dantè chak fwa w ap fè bagay.

Si ou lave pati jenital ou, si ou pipi oswa benyen nan douch apre ou fè bagay sa p ap pwoteje ou kont sifilis. 

Èske mwen arisk pou gen sifilis?

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab gen sifilis si li fè bagay san pwoteksyon nan anis, nan vajen oswa si li fè sèks oral. Pale yon fason ki onèt ak serye avèk pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou sifilis oswa pou lòt STD. Ou ta dwe fè tès souvan pou sifilis si ou ansent, si ou se yon gason ki fè bagay avèk gason parèy ou, si ou gen enfeksyon VIH, epi/oswa si ou gen patnè (kèk patnè) ki gen rezilta tès li (yo) pozitif pou sifilis.

Mwen ansent. Kijan sifilis ap afekte tibebe mwen?

Si ou ansent epi ou gen sifilis, ou kapab transmèt enfeksyon an ba tibebe ou ki poko fèt la. Si ou gen sifilis sa kapab lakòz tibebe ou fèt avèk yon gwosè ki piti. Sa kapab lakòz ou gen plis chans tou pou akouche tibebe ou twò bonè oswa tibebe a ka fèt tou-mouri (yon tibebe ki mouri nan moman li fèt). 

Pou pwoteje tibebe ou, ou ta dwe fè tès pou sifilis pandan ou ansent ak nan moman w ap akouche, epitou ou ta dwe resevwa tretman imedyatman si rezilta tès ou pozitif.

Yon tibebe ki enfekte ka fèt san siy oswa sentòm maladi a. Men, si tibebe a pa trete imedyatman, li ka gen pwoblèm grav nan kèk semèn. Tibebe ki pa trete yo kapab gen pwoblèm sante tankou katarak, yo kapab vin soud, oswa yo kapab gen malkadi, epitou yo kapab mouri.

Gratèl segondè sifilis sou plamen yo
Gratèl segondè sifilis sou plamen yo

Kijan pou mwen konnen si mwen gen sifilis?

Sentòm sifilis sou adilt yo kapab separe an kèk etap:

Etap Primè

Pandan premye etap (etap primè) sifilis, ou ka remake yon blesi senp, men ka gen anpil blesi. Blesi se pozisyon kote sifilis te antre nan kò ou. Anjeneral, blesi a solid, li won, epi li pa ba ou doulè. Paske blesi a pa ba ou doulè, ou kapab pa remake li fasilman. Blesi a dire 3 a 6 semèn epi li geri kèlkeswa si ou resevwa oswa pa resevwa tretman. Menmsi blesi a ale, ou dwe toujou resevwa tretman an yon fason pou enfeksyon ou pa vanse nan etap segondè a.

Etap Segondè

Pandan etap segondè a, ou ka gen gratèl sou po ou ak/oswa blesi nan bouch ou, nan vajen ou oswa nan anis (twou dèyè) ou (ki rele lezyon manbràn mikez tou). Anjeneral, etap sa a kòmanse avèk yon gratèl sou youn oswa plis zòn nan kò ou. Gratèl la kapab parèy lè blesi primè ou geri oswa anpil semèn apre blesi a geri. Gratèl la kapab sanble tach ki iregilye, ki gen koulè wouj oswa mawon ak wouj nan plamen ou ak anba pye ou. Anjeneral, gratèl la p ap ba ou demanjezon, epi pafwa li tèlman fèb sa fè ou p ap menm remake li. Kèk nan lòt sentòm ou ka genyen se kapab lafyèv, gangliyon lenfatik anfle, malgòj, cheve ou k ap tonbe yon fason ki pa egal, maltèt, pwa kò ou bese, doulè miskilati, a fatig (ou santi ou fatige anpil). Sentòm yo ki nan etap sa a prale kit ou resevwa tretman kit ou pa resevwa tretman. Si ou pa resevwa tretman kòrèk la, enfeksyon ou prale nan etap kache epi pètèt nan etap lan sifilis.

Gratèl segondè sifilis sou tòs la
Gratèl segondè sifilis sou tòs la

Etap Kache ak Etap Lan

Etap kache sifilis kòmanse lè tout sentòm ou te gen anvan yo disparèt. Si ou pa resevwa tretman, ou kapab kontinye gen sifilis nan kò ou pandan anpil ane san okenn siy oswa sentòm. Pifò
moun ki gen sifilis ki pa trete pa gen sifilis etap lan an. Men, lè sa rive, li grav anpil, epi sa ta fèt nan 10-30 ane apre enfeksyon ou te kòmanse. Kèk nan sentòm etap lan sifilis se difikilte pou kowòdone mouvman miskilati yo, paralizi (ou pa kapab bouje sèten pati kò ou), ou pa santi anyen, ou avèg, epi ou gen maladi foli (twoub mantal). Nan etap lan sifilis, maladi a domaje ògàn andedan kò ou epitou li kapab lakòz ou mouri.

Yon enfeksyon sifilis rele yon “premye” ka si yon pasyan te enfekte pandan yon ane oswa mwens, tankou pandan etap primè oswa etap segondè sifilis. Moun ki gen “premye” enfeksyon sifilis kapab simaye enfeksyon an pi fasil ba patnè seksyèl yo. Yo jwenn pifò premye ka sifilis yo pami gason ki fè bagay avèk gason parèy yo, men fanm ak tibebe ki poko fèt yo arisk pou gen enfeksyon an tou.

Èske sifilis kapab trete?

Wi, sifilis kapab trete avèk antibyotik kòrèk pwofesyonèl swen sante ou ap preskri ou. Men, tretman an p ap defèt okenn domaj enfeksyon an fè deja.

Mikografi Treponema pallidum ki gen fon nwa
Mikografi Treponema pallidum 
ki gen fon nwa.

Mwen te swiv tretman. Èske mwen kapab pran sifilis ankò?

Si ou te gen sifilis deja sa pa pwoteje ou pou pa pran li ankò. Menm apre ou te trete avèk siksè, ou kapab toujou enfekte ankò. Se sèlman tès laboratwa ki kapab konfime si ou gen sifilis. Li rekòmande pou pwofesyonèl swen sante ou fè lòt tès pou ou pou asire tretman ou te gen siksè.

Paske blesi sifilis yo kapab kache nan vajen an, nan anis la, anba prepis peni a, oswa nan bouch la, li pa ka fasil pou konnen si yon patnè seksyèl ou gen sifilis. Sof si ou konnen patnè seksyèl ou (yo) te teste epi trete, ou ka arisk pou pran sifilis ankò nan yon patnè seksyèl ki pa trete.

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Maladi Moun Pran nan Fè Bagay
https://www.cdc.gov/std/

Sifilis
https://www.cdc.gov/std/syphilis/

Sifilis ak Fèy Enfòmasyon MSM
https://www.cdc.gov/std/syphilis/STDFact-MSM-Syphilis.htm

Fèy Enfòmasyon sou STD ak Gwosès
https://www.cdc.gov/std/pregnancy/STDFact-Pregnancy.htm

Enfòmasyon sou STD ak referans nan Klinik STD

Sant Kontak CDC-INFO
1-800-CDC-INFO
(1-800-232-4636)
Contact www.cdc.gov/info

 

Dat dènye revizyon an: 29 Janvye 2014

Top